À la une

An kreyòl-Rezime: Rezime aktyalite semèn nan sòti dimanch 9 me rive samdi 16 me 2021 an.

image

ExodeNews ap envite w swiv rezime tout aktyalite ki te pase pandan semèn nan, san retire san mete.

Jou dimanch kite 9 me 2021 an, Sitwayen ak sitwayèn nan vil Ench ak Wanament te kraze kèk reyinyon manb KEP a akonpanye avèk Prezidan BED yo tap òganize. Daprè sa moun yo fè konnen, yo pa nan koze referandòm ak Prezidan Repiblik la, SEM Jovenel Moise, paske manda li fini depi 7 fevriye 2021.

Nan yon bilan stòp aksidan bay lendi kite 10 me a, Doktè Garnel Michel, kise responsab òganizasyon an, fè konnen, sòti nan dat 3 pou rive 9 me 2021 an, genyen 38 aksidan sikilasyon kite fèt nan zòn lali, dèlma, bèlè, kap ayisyen, lilavwa ak mòn kalvè. Toujou daprè Doktè Michel, genyen 114 moun kite blese ak 38 moun kite pèdi lavi yo. pou fini, li fè konnen genyen anpil mosiklèt ki enplike nan aksidan sikilasyon sa yo.

Nan lide pou sipòte popilasyon an, jou kite mèkredi 12 me 2021 an, Delege Depatmantal Lwès la, Mesye Pierre Gary Bernadotte akonpanye avèk kèk lòt responsab nan depatman lwès la, te òganize yon reyinyon nan kad yon pwogram sosyal ki pote non <> kap gen pou wòl pou idantifye tout moun ki nan vilnerabilite yo, epi evalye nivo ensekirite alimantè sitwayen ak sitwayèn.

Toujou nan menm jounen mèkredi sa, Rochasse Abel, se non yon polisye ajan 4, kite fè pati 17èm pwomosyon polis la, bandi ak zam te rive asasine nan zòn dèlma 2 nan mitan jounen an, aprè li te finn fè yon tranzaksyon labank.

Direktè Jeneral Polis la, Léon Charles, nan yon konferans pou laprès li bay nan dat 12 me a, fè konnen li deplore lanmò Peguy Siméon, aprè altèkasyon li te genyen ak plizyè polisye UDMO nan vil wanament 8 me pase a Peguy te ale rann dènye soupi li sou kabann lopital. Chèf polis la te pwofite okazyon an pou li voye senpati li bay fanmi ak zanmi viktim nan epi li tou anonse tout polisye ki komèt zak sa a deja plase nan izolman pou swit nesesè yo.

Nan yon nòt pou laprès ki soti nan dat 13 me 2021 an, Ministè Sante Piblik fè konnen daprè rechèch enstisyon an, sòti nan mwa mas la pou rive 10 me 2021 an, yo kontwole genyen 13.305 Moun ki kontanime ak 271 moun ki mouri anplis nan maladi koronaviris la, chif sa yo eksprime ogmantasyon maladi COVID-19 la nan peyi a epi responsab ministè a mande pou laprès pote sipò pa l pandan l ap mennen yon kanpay sansibilizasyon pou evite sitiyasyon an vini pi grav nan peyi a.

Nan yon dezyèm nòt ki soti nan dat 14 me a, otorite sanitè yo enfòme popilasyon an, genyen 2 varyan COVID-19 la sou teritwa nasyonal la, Minis sante a kise Doktè Marie Gréta Roy Clément mande sitwayen ak sitwayèn yo toujou aplike tout mezi ki kapab bare maladi sa a, pandan sèvis envestigasyon an ap kontinye travay pou analize konsekans varyan sa yo.

Nan sousi pou kontribiye ak regilarizasyon tout motosiklèt kap sikile nan lari a san plak, san papye, san asirans, jou kite 14 me a, Délégué Depatmantal lwès la, Pierre Gary Bernadotte akonpanye ak tout ekip li te tanmen yon seri sipèvizyon nan diferan komin nan depatman an. Dèlma 31, Dèlma 32, Dèlma 40 b, Katalpa, pwi blen ak Petyon vil se zòn sa yo kite rive sipèvize nan kad jounen travay sa a. Se avèk anpil kè kontan plizyè santèn sitwayen te aplodi travay la epi yo mande pou Delege a pa abandone paske l ap ede yo pwoteje vi yo.

Nan lide pou gade sitiyasyon kèk wout nan komin kwadèboukè a, nan jounen vandredi 14 me a, youn nan redaktè ExodeNews la te fè yon ti vizit sou wout nasyonal nimewo 1 an, espesyalman nan rantre wout lilavwa, kafou lizon, kafou maren, santo 3, ak santo 11, kote yo remake diferan vwa sa yo nan yon eta ki trè deplorab, se sa ki koz toujou gen anpil blokis lajounen kou lanwit nan plèn nan, daprè ankèt nou, konsèy minisipal komin sa a pa janm poze pyès aksyon pou li ta amelyore sitiyasyon an. Pandan popilasyon an pa janm bouke tann jis kilè responsab yo ap pote yon ti amelyorasyon.

Maten kite samdi 15 me 2021 an, se te avèk anpil tristès fanmi, zanmi, ak abitan nan dèlma 30 yo tap konstate lanmò yon demwazèl 12 lane kite rive pèdi lavi l aprè bòpè li te fin bat li, Paskel ta fè kwè jèn fi a gen mennaj. Nan menm moman an, lapolis nan zòn nan te debake epi arete manman an ak bòpè a pou swit jidisyè yo.

ExodeNews la pou enfòme w!

image

PETIT FRÈRE Jean Rony Poito

Rédacteur

Laisser un commentaire





aucun commentaire pour l'instant